Kijan pwogram referans Hablax la fonksyone? Ekonomize, genyen epi pataje!

Èske w’ te konnen ke yon pwogram referans pèmèt kliyan yo genyen rekonpans epi pataje eksperyans mak yo ak patnè, kòlèg epi zanmi yo? Nan atik sa a nou vle eksplike etap pa etap ki jan pwogram referans Hablax la fonksyone.

Nou enfòme w ke modil referans nou an deja aktif epi ou ka jwenn aksè nan li nan aplikasyon mobil Hablax oswa sou Entènèt la. 

Sonje ke, pou jwenn aksè nan modil referans lan, ou dwe mete ajou App Hablax la epi jwenn dènye vèsyon an.

Ki jan li travay?

Depi la ou ka envite yon zanmi oswa yon fanmi pou itlize sèvis Hablax yo.

Yon fwa li anrejistre epi opere, w’ap resevwa yon bonis de 3.00 USD epi zanmi ou an yon bonis 1.00 USD.

Mete nan tèt ou ke tou de ou menm ak refere ou a dwe antre nan aplikasyon an oswa sit WEB la epi anrejistre. Anplis de sa, yo dwe fѐ yon tranzaksyon sou platfòm lan pou kapab jwenn aksè nan lyen an pou refere epi pita resevwa bonis la.

Antre nan Pwogram Referans Hablax la epi genyen pi bon rekonpans yo!

Kisa yon pwogram Referans genyen ladan l?

Nan Hablax, nou trè sousye pou n’ amelyore eksperyans kliyan nou yo.

Pou rezon sa a, epi apre plizyè mwa nan analiz, nou kreye yon pwogram referans pou rekonpanse itilizatè sa yo ki anjeneral rekòmande nou.

Fwa sa a, nou vle ou jwenn kredi, plis kredi nan fon ou pou rekòmande aplikasyon an.

Aprann konnen pwogram referans Hablax la

Pwogram referans Hablax la ap travay nan fason sa a:

– Ou ka envite yon zanmi oswa yon fanmi pou itilize sèvis Hablax yo, epi yon fwa yo anrejistre epi opere, ou resevwa yon bonis 3.00 USD epi zanmi ou an yon bonis de 1.00 USD.

– Tou de ou menm ak refere ou a dwe deja fѐ yon tranzaksyon sou platfòm la pou resevwa bonis la.

– Pou refere yon zanmi, ou jis bezwen pataje lyen ke w’ap jwenn nan Panel Kontwòl Hablax avѐk li

– Bonis la pral chaje nan Fon kont ou a, epi w’ap kapab sèvi ak li pou tout sèvis nou yo, eksepte pou «Voye Lajan».

– Lajan sa yo pa ekspire sou tan, Se poutèt sa, ou ka itilize yo nenpòt lè ou vle.

Pwogram referans Hablax etap pa etap

Anba a nou eksplike ou etap pwogram referans lan:

– Kliyan Hablax la dwe antre nan aplikasyon an oswa sit web la epi anrejistre

– Lè w’ap antre nan panèl kontwòl la, ale nan seksyon «Refere epi touche».

– La ou gen opsyon pou kopye lyen pwogram nan epi ou ka voye li pa imѐl, whatsapp elatriye bay referans ou

– Yon fwa refere a antre nan lyen sa a, li dwe anrejistre pou premye fwa epi fè premye operasyon li

– Lè refere a fè tranzaksyon, referan an kredite nan balans li USD 3 epi refere a USD 1.

– Sonje ke li esansyèl ke tou de referan ak refere yo te fé yon operasyon pou balans lan ka kredite

– Balans ki akredite a ka itilize nan nenpòt nan sèvis yo eksepte pou Voye Lajan

-Ou pral resevwa bonis ou 48 èdtan apre refere ou a fè premye acha li.

 

Nan Hablax nou vle ajoute ou nan woutin nou an, pou ou ka patisipe nan tout desizyon nou yo.

 

 

Voye lajan an Ayiti soti depi chili, kle nesèsè !

 

Related Posts

Deja una respuesta

Tu dirección de correo electrónico no será publicada. Los campos obligatorios están marcados con *